Tout moun k ap genyen pou li, feyte liv sa a pap pran tan pou dekouvri ke prensipal objektif otè ouvraj la se : rann ekonomi ak finans chak endividi ak fanmi oswa gwoup ayisyen nan dyaspora a pi djanm gras ak zouti ledikasyon ak lenstriksyon. Nou di ayisyen k ap viv nan dyaspora a, men ayisyen nan tè Desalin nan ak etranje ki pale kreyòl ka jwenn ti moso pa yo nan gato a tou.
Ouvraj sa a se yon ouvraj de konpòtman otè a mande yo prepare bidjè yo yon mannyè pou depans yo pa pi wo pase resèt yo swa sa yo posede kidonk, liv sa ase yon liv de konpòtman, sètadi ki anseye disiplin, lòd ak metòd : kalite ki nesesè pou yon moun ranpòte siksè ak liviktwa sou wout lavi a.
Yonn nan pwen ki pi enpòtan nan liv la se kesyon ekonomi an, kesyon sere yon ti lajan, piti ke l ye, chak jou, chak senmenn oubyen chak mwa sa depann de kijan moun nan touche. Touche gwo lajan , anpil lajan pa ka fè moun genyen lajan, li pa ka fè yon moun vin rich si li pa ekonomize. Nou bezwen konnen ke yon moun kapab touche yon ti kras kòb men ki mete yon ti bagay ladan l nan depo ka vin rich e ke yon lòt ki ap touche yon voum lajan e ki gaspiye tout ka mouri pòv si l pa li liv sa a epi aplike sa ki ladan l yo.
Nou ka di tou, e sitou, liv sa a se yon liv teknik kote teknisyen an founi anpil enfòmasyon ak konesans ke biznismann ak antreprenè ap bezwen pou biznis yo ak antrepriz yo mache byen e li endike yo ki kote yo ka jwenn enfòmasyon ak konesans siplemantè, sètadi sa yo pa twouve nan liv sa a.
Lòske otè a nan sajès li fè biznisman yo konprann ke syans, teknik ak konesans pa sifi pou zafè yo mache byen e ke fòk yo makonnen bagay sa yo ak onètete, entegrite ak respè nou kwè li ba yo tout sa yo bezwen pou yo devni gran biznisman ak òmdafè. Maryaj pafè !
Liv sa a se yon liv ki boure ak bon bagay si yon moun li l, moun sa a ap rich ak konesans, men li ka toujou rete pòv si li pa fè aksyon, si li pa aplike sa ki nan liv la. Si, okontrè, moun sa a mete annaplikasyon sa ki nan ouvraj sa a, e ke li wouze jaden biznis li ak dlo pasyans ak pèseverans, biznis la ap donnen e li va rekòlte fwi siksè ki pi dous pase siwo myèl.
Avèk ouvraj sa a, otè a pote kout men pa l nan nouvèl Ayiti ke tout ayisyen ap reve a enou espere ke ya va klase liv sa a bò kote tout lòt ki pote yon diplis pou Ayiti e pou ayisyen.
Etienne Raymond,
Ansyen Manm Administrasyon Kominal Vil Dedin, Direktè Lekòl Kominotè Dekao, Dedin
0 Comments:
Post a Comment
Subscribe to Post Comments [Atom]
<< Home