“Liv sa a ta sipoze rele finans fèt fasil, paske li bay eksplikasyon sou zafè finans ki trè senp. Loopez itilize yon langaj ki fasil pou konprann, epi li bay anpil detay ki fè liv la vi’n yon zouti ki enpòtan ke tout moun ta sipoze posede nan bibliyotek yo. Mwen rekòmande Zafè Lajan Nou san rezèvasyon ni kè sote.”
- Florita Pierre, MA Bilingual Early Childhood Teacher
“Gwo save itilize anpil gwo tèm ki sòti nan plizyè lang, pou montre kouman nou ka sèvi ak lajan pou n prodwi richès. Men, nan bon jan lang kreyòl natif natal Ayisyen, Loopez Vincent, otè liv sila a, rive ranmase konesans ak eksperyans pou ride n konprann ki jan lajan fonksyone. Kidonk, se yon liv nou tout dwe li, si n bezwen konprann pibyen zafè jere lajan.”
-Lener L. Pyrrhus, ansyen prezantatè Telemax, Ayiti. Prezantatè Haiti-Info NJ
“Men yon liv kominote a te bezwen tout bon vre. Li chaje ak enfòmasyon nan bon mamit pou evite nou tonbe nan pèlen raketè ak magouyè. Kèlkeswa aktivite w nan sosyete a, Zafè Lajan Nou se yon zouti, yon resous endispansab pou ou genyen lakay ou, nan biwo w.”
- Angelucci Manigat Jr.,Powèt, Edikatè, Direktè Jounal Connecticut Haitian Voice
0 Comments:
Post a Comment
Subscribe to Post Comments [Atom]
<< Home